Sat. Jul 27th, 2024

Rebwaze yon peyi se yon gwo richès pou anviwonman peyi an, sa pèmèt Èt vivan yo respire pi byen ak bon jan kondisyon anviwonmantal. Selon rechèch Ekip redaksyon rtmsmedia fè nou rive konprann daprè plizyè sous ki defini Tèm Rebwazeman konsa : Rebwazeman sinifi plante pye bwa oubyen replante nan yon zòn ki debwaze . Ansuit ,plant sa yo dwe toujou jwenn swen pandan yon bon dire pandan nou fin mete nan tè .Epi pye bwa yo dwe respekte lòd plantasyon forestyè. Lire aussi :Ki enpòtans Rebwazeman nan yon peyi ? Rebwazeman gen yon enpòtans kapital sou lanati, selon sa anpil Agronome fè Ekip rtmsmedia konnen . Rebwazeman se yon pwosesis ki konbat domaj ekolojik nan yon peyi e menm nan mond lan , daprè sa yon agwonòm rapòte ak Roldy Jeanbaptiste kap travay pou RtmSmedia, Agwonòm lan fè konnen , jounen jodia lemond nan faz kote tout peyi ta dwe antre nan pwosesis pou Rebwaze mòn yo akoz kesyon rechofman klimatik lan ki reprezante yon gwo danje pou limanite, li ale pi lwen pou fè konnen si lemond pa rebwaze nan 10 lane ankò nap pèdi anpil espès vivan ki pèmèt lanati ret kanpe. Lire aussi : Kisa ki fè Ayiti manke rebwaze parapò ak jan sa te konn ye lontan ? Selon kèk espesyalis Nan kesyon anviwonman RtmSmedia te gen chans pale Nan kad ti rechèch sa . Espesyalis yo soulve kesyon prekarite ekonomik peyi a Kòm yon gwo tonton Pwoblèm ki lakoz peyi a debwaze konsa , Yo fè konnen zòn ki plis nan nesesite pou rebwaze se zòn sa yo kondisyon vi popilasyon an plis vilnerab sa vin lakoz moun sa yo koupe pye bwa yo pou fè chabon epi yo pa replante pye bwa sa vin lakoz yon gwo domaj ekolojik pou Peyi tankou depi gen moman siklòn ki reprezante yon gwo danje pou peyi a sitou nan zòn ki plis riske yo . Espesyalis yo fè konnen tou ; Lekòl nan peyi d’Ayiti pa edike timoun kap vin pou sèvi sosyete a demen enpòtans ki genyen lè yo rebwaze, espesyalis sa yo mande pou Ministè Edikasyon nan peyi d’Ayiti ajoute « cours » ki gen rapò ak «Civisme » ak « environnement » pou pèmèt timoun yo konnen ki sa ki yon bon sitwayen ak yon bon Natiralis pou konbat rechofman klimatik ak gwo domaj ekolojik lemond ap fè fas jounen jodia. Lire aussi : Kisa Ayiti dwe fè jodia pou rekanpe eskanp figi Peyi a sou plan enviwonmantal ak lagrikilti ? Kesyon an konplèks men li nesesite avan tout bagay yon volonte reyèl bò kote chak grenn ayisyen ki kwè nan pwoteje anviwonman pou pèmèt nou genyen yon pi bon Anviwonman e yon bon sektè agrikòl kote nap pwodui manje pou peyi a . Bò kote pa otorite leta yo , li mande anpil gwo jefò teknik ap pratik pou rive mete sou pye yon bon fonksyonman ministè Anviwonman ak Lagrikilti pou konbat Ensekirite Anviwonmantal ak alimantè nou genla jounen jodia. Leta dwe fè gwo jefò nan tèt kole ak ministè Edikasyon pou dote timoun lekòl yo bon jan fòmasyon Nan kesyon rebwazeman ak bon jan sektè agrikòl pou ede pwodiksyon nasyonal peyi a ki fin tonbe atè depi plis pase 10 lane . Rebwaze yon peyi se yon gwo richès , rebwaze Ayiti ap konbat gwo danje ekolojik ki plane sou tèt nou . Li enpòtan jounen jodia pou nou antre nan batay poun plante pye bwa nan mòn yo epi kreye plis espas forestyè nan peyi a ansuit leve eskanp figi lagrikilti peyi a pou nou ka pran wout devlopman, mesaj soutni pa Ekip RtmSmedia .

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *