Sat. Jul 27th, 2024

Selon anpil moun , sektè lapèch se yon sektè ki vrèman minimize nan peyi ayiti akoz yo manke regilarize sektè sa . Lapèch se yon ti sektè ki trouvel andedan yon gwo sektè ke plizyè peyi nan mond lan rele sektè primè , nan sektè sa nou jwenn ( agrikilti, lapèch, Lelvaj) twa eleman sa yo jwe yon gwo wòl nan chak peyi nan sak konsène devlopman ekonomik men pa bò lakay nou ayiti, Kòman nou jere sektè sa yo ? Èske gen envestisman ki fèt pou pèmèt yo itil peyi a ? Ansanm kesyon sa yo Rtmsmedia gen yon ekip ki sou pye kap jere kesyon sa yo tal founi zye gade epi tande moun kap evolye nan kesyon lapèch pa bò isit. Daprè sa anpil moun kap evolye nan sektè sa temwanye nan mikro RtmSmedia, moun sa yo fè konnen se yon sektè ki pa eksplwate vrèman Nan peyi a. Yo menm fè konnen pa gen asistans bò kote otorite yo pou pèmèt sektè a rete anvi . Daprè plizyè agwonòm Roldy Jeanbaptiste te gen chans interviewé nan kad travay sa , Agwonòm sa yo eksplike yon move jesyon ki genyen nan nivo sektè lapèch lan , yo avanse pou fè konnen nou prèske pèdi anpil espès nan lanmè nou yo koz move jesyon pami espès sa yo tankou : Tortue 🐢 ki se yon espès ki prèske disparèt Nan dlo ayisyen an koz fòmasyon ki pa fèt pou moun kap peche yo .Pwofesyonèl yo fè konnen , Leta dwe fè anpil efò pou rekanpe sektè sa paske li rantab ekonomikman . ”Lapèch se yon sektè ekonomik , se yon sektè ki ka ede ayiti progrese ekonomikman si Leta te pran responsabilitel,Leta ta dwe bay moun kap peche yo asistans yo merite tèt kole ak ministè kila pousa pou fè fòmasyon pou moun kap peche yo ba yo materyèl nesesè” , selon Jean Yves Marseille , Yon asyen pechè Pwason nan zòn Montrouis . Li fè konnen ankò« Kesyon lapèch la fòk ou konnenl pou fèl , paske gen yon kesyon sezon nan domèn lan epi fòk pechè yo ta evite kenbe ti pwason yo nan lanmè saka lakoz nou pèdi anpil espès .» Lire aussi : Èske Leta konnen konbyen moun kap pratike bagay sa nan peyi a? Selon enfòmasyon rtmsmedia genyen ki disponib, non Leta pa okouran de sa menm sous, sa fè konnen te gen yon òganizasyon ki te vini tèt kole ak leta pou te jere kesyon resansman pou kantite pechè yo sou baz yon statisk legal sa pat arive fèt e selon menm moun sa , Anpil lajan te gentan dekese pou travay sa. Lapèch ta dwe byen okipe nan chak peyi sou latè, paske si yap mal itilize l saka rann anpil espès akwatik disparèt se nan optik sa Pèch la ta dwe regilarize.Anpil lòt peyi nan mond lan tankou: Lafrans, Kanada, Etazini anpil lòt ankò, kreye yon mwayen pou jere kesyon sa paske li rapòte anpil sou plan ekonomik . Pa bò lakay nou ayiti, nou gen yon afè de 1,535 km de côte , yo fè konnen nou se dezyèm peyi nan karayib la aprè Cuba 🇨🇺 ki gen plis kot, sa moutre aklè nou te ka rann kot sa yo pwodiktif ekonomikman pou peyi a. Lire aussi : Selon yon rapò ki soti nan lane 2018, Ministè agrikilti founi Nan kesyon Lapèch, te gen yon epòk Ayiti te konn pwodui anviron (16,000 tonnes de fruits de mer ) 🦞 chak ane, li te konn voye anviron (800 tonnes ) lòtbò chak ane . Nou prèske ke fin pèdi chif sa yo koz movèz jesyon selon anpil moun ki konn domèn nan , Anpil atik ak enfòmasyon fyab sou kesyon lapèch nan peyi ayiti disponib sou plizyè sit tankou ( FAO, Ministère de l’agriculture -la pêche en Haïti 🇭🇹, Le Nouvelliste anpil lòt ankò) . Anndan menm travay sa rtmsmedia te gen chans reyalize ak kèk pechè nan peyi an nou arive konnen Kòman pechè yo dòmi bò lanmè a sou bèl etwal pandan yap fè lè pou yo pran direksyon lanmè a anpil ladan yo fè konnen si te gen mwayen sektè a tap bay lajan, li sèlman bezwen mwayen poul ka plis pwodiktif. Article remanié et rediffusé

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *